ANONS POU KOMINOTE A AK TOUT ZANMI KOMINOTE A

JOUNEN ENTÈNASYONAL KREYÒL NAN SANT N A RIVE

Samdi 29 oktòb, Sant N A Rive kase randevou ak tout kominote a, tout zanmi, fanmi pitit lakay tankou pitit tè, nan gwo banbi k ap dyaye nan Espas Kiltirèl Sant N A Rive, 6965 ri St-Denis kòmanse 11 è nan maten rive pou 5 è aprèmidi.

A 6 zè diswa se Komite Kreyòl la ki ap pran kòn nan, kote yo pral fè yon gwo chita koze sou zafè roman nan literati ayisyèn.

Jounen an ap detaye konsa :

  • Premye pati: 11 è nan maten rive pou 5è aprèmidi
    Mikalaw manje
    – Degistasyon – Vant Lansman Nouvo Pwodui Boukan

Pare pou manje :
– samousa
– kokiyòl

Pare pou fasi :
– kònè
– vòl o van

Pwodui konjle :
– pat feet
– kwout pou tat
– vòl o van
– Vant Manje Kreyòl
– Boulèt – Kwokèt mori – Kibi – vyann ak pwason boukannen – benyen pòmdtè, benyen patat dous

Plezi mizik avèk Lopez :
– Ekspozisyon foto atis Aysisyen
– Banbòch mizik

Kilti Lakay:
– Ekspozisyon – vant liv kreyòl
– Jwèt pou ou tankou chekè, kat, bezig, damye, lido

  • Dezyèm pati
    Avèk Komite kreyòl la : konferans sou WOMAN AYISYEN AN KREYÒL: Istwa ak patisipasyon woman kreyòl nan evolisyon lang nan.
    Konferansye : 2 akademisyen (Frenand Léger, PhD, Carleton University, ak Michel-Ange Hippolyte, M.ED, pwofesè alaretrèt)

Apre sa, bèl animasyon kiltirèl.
Pou enfòmasyon : 514 278 2157

Célébration de la 33e édition de la Journée Internationale du créole

Laisser un commentaire