Samdi 28 oktòb a 7è diswa tapan, nan 6965 St-Denis, Sant N A Rive envite tout manm Kominote ayisyèn nan, tout fanmi, zanmi ki renmen lang ak kilti kreyòl la nan yon bèl jounen selebrasyon, omaj, espektak!

Yon bèl anbyans pou make 35e edisyon Jounen sa a nan Sant N A Rive.

N ap genyen nan pwogram nan:

Bouki ak Malis pral kolabore
nan liv « MABOUKILIS »

Kilti kreyòl la pral layite ak animasyon Tele Nouvonouvèl,
Jean-Robert Bellarmin, Dans , Mizik, Kont, OMAJ elatriye.
Lopez ap asire kote mizik la, kòm dabitid.

Frè patisipasyon : 10 dola (pou kanpay finansman Sant lan)
Pou enfòmasyon : 514 278 2157

35e Jounen Entènasyonal Kreyòl

Laisser un commentaire