Yves Dejean (1927-2018)

Nan Sant N A Rive, nan komite kreyòl la, nou retire chapo nou e nou bese byen ba pou nou salye memwa gwo kokenn chenn gason sa a, Yves Dejean, ki pati kite nou depi 29 mas 2018. Gason vanyan sa a ki pa t janm fè bak nan defann lang kreyòl la ak dwa lengwistik pèp ayisyen an ap toujou rete vivan nan mitan nou. Nou voye tout senpati nou pou fanmi li, pou tout kreyolis ansanm ak tout enstitisyon dèy sa a frape. Nou panse ak tout moun Yves te ede alfabetize, ak Akademi kreyòl ayisyen an, ak tout inivèsite ansanm ak fakilte kote li t ap simaye konesans, ann Ayiti ak nan peyi etranje, sitou fakilte lenguistik.

Nan Sant N A Rive, nou pa ka bliye patisipasyon Yves nan batay nou toujou ap mennen pou nou akonpaye aprenan yo sou wout aprann li ak ekri a. Fòmatè ak fòmatris nou yo p ap janm ka bliye kalte baz solid li te ba yo nan seminè li te konn anime yo. Materyèl andragojik nou yo ap toujou kenbe tras souvni gwo konbatan pou lavi miyò sa a.

Nan okazyon selebrasyon 90 rekòt kafe li, nan omaj nou te fè li, nou te di ki sa Doktè Yves Dejean reprezante pou nou kòm entèlektyèl konsekan, kòm lengwis angaje, kòm kreyolis, kòm konferansye, pwofesè, tradiktè, edikatè, eks. N ap redi li : Mèsi epi mèsi anpil pou tout batay lengwistik li te mennen pou fè yo respekte dwa pèp la.

Kounye a, Yves, ou merite repoze w, ou mèt ale anpè, paske misyon w byen ranpli. Ansanm ak akademi kreyòl ayisyen an , n ap kontinye batay la pou fè yo respekte dwa lengwistik pèp ayisyen.

Bon vwayaj!

Pou komite kreyòl la, nan Sant N A Rive Monreyal
Joseph Sauveur Joseph


Mizajou 11 avril 2018:

Yon ti tèks pou onore « lespri » Iv Dejan

Chapo ba pou Doktè Yves Dejean, yon kokenn chenn pitit tè lakay ki kite nou!

Laisser un commentaire